
Hmm … sanble navigatè ou an demode.
Annou mete navigatè ou an ajou pou ou kapab pwofite yon eksperyans sit lan ki gen plis rapidite ak sekirite.

Doub kalifikasyon konplè parapò ak pasyèl — kisa diferans lan ye?
Pibliye: 12 jiyè 2022
Dat dènye mizajou: 02 Desanm 2022
Kisa sa siyifi lè w gen doub kalifikasyon konplè?
Doub kalifikasyon siyifi yon moun kalifye alafwa pou Medicaid ak Medicare. Lè w gen doub kalifikasyon konplè, sa siyifi ou kalifye pou tout avantaj Medicaid Eta a epitou pou Medicare. A person who qualifies for full dual eligibility may also qualify for a Dual Special Needs plan (D-SNP).* Sa se yon tip plan Medicare Advantage ki ofri avantaj siplemantè ki depase Medicare ak Medicaid tradisyonèl yo.
Medicare peye pou pifò nan swen ak avantaj ki kouvri yo, men Medicaid peye sèten frè ki sot nan pòch pou kopeman, ko-asirans, dediktib ak prim yo. Medicaid kouvri tou avantaj ki pa kouvri ak yon Plan Doub pou Bezwen Espesyal, tankou swen dire long yo.
Jwenn yon gid gratis pou plan doub ou an
Tout sa ou bezwen konnen sou plan Doub Bezwen Espesyal nan yon sèl gid pratik.
Kisa sa siyifi lè ou gen doub kalifikasyon pasyèl?
Doub kalifikasyon pasyèl siyifi yon moun kalifye pou yon Pwogram Epay Medicare (Medicare Savings Program, MSP). Se pwogram Medicaid lan ki jere MSP yo nan chak Eta. Byenke MSP yo kouvri sèten frè Medicare, tankou prim Medicare Pati A ak Pati B, moun ki gen doub kalifikasyon pasyèl pa resevwa tout avantaj medikal Medicaid yo.
A person who qualifies for partial dual eligibility may also qualify for a Dual Special Needs plan (D-SNP).* Byenke Medicare peye pou pifò nan swen ak avantaj ki kouvri yo, moun ki gen doub kalifikasyon pasyèl yo pral responsab pou frè ki sot nan pòch yo.
Kijan yon Pwogram Epay Medicare (MSP) ede moun ki gen doub kalifikasyon pasyèl yo?
Lè manm Medicare yo resevwa swen medikal, Medicare pa kouvri montan konplè a pou sèvis yo. Manm Medicare a gen responsablite pou peye montan ki rete a, ki rele pataj frè oswa frè ki sot nan pòch. Yo ka rele yo yon prim, kopeman, ko-asirans oswa dediktib. Avèk MSP yo, pwogram Medicaid Eta a ede peye kèk nan frè sa yo pou moun doub kalifikasyon pasyèl. Montan èd la (oswa pataj frè) Medicaid bay la depann sitou de 2 bagay sa yo:
- Konbyen moun lan touche (revni)
- Konbyen li posede (byen) — pa egzanp yon kay
Pou moun ki pa gen doub kalifikasyon konplè yo, Medicaid ka ede kouvri kèk nan frè ki sot nan pòch yo pou kouvèti Medicare
Gen 4 diferan kalite doub kalifikasyon pasyèl
4 kategori doub kalifikasyon pasyèl yo se:
- Benefisyè Medicare Kalifye (Qualified Medicare Beneficiary, QMB)
Pwogram QMB an ede peye prim pou Medicare Pati A (asirans lopital) ak Medicare Pati B (asirans medikal). Manm ki gen kalifikasyon QMB yo jwenn tou kouvèti pataj frè pou kopeman, dediktib ak ko-asirans. - Benefisyè Medicare Revni Fèb Espesyal (Specified Low-Income Medicare Beneficiary, SLMB)
Pwogram SLMB an ede peye prim pou Medicare Pati B (asirans medikal) sèlman. - Moun Kalifye (Qualified Individual, QI)
Pwogram QI an ede peye prim pou Medicaid Pati B (asirans medikal), men manm sa yo ka gen pi gwo revni pase avèk SLMB. - Moun andikape epi k ap travay ki kalifye (Qualified Disabled and Working Individuals, QDWI)
Pwogram QDWI an ede peye prim Medicare Pati A (asirans lopital). Sa se pou moun ki andikape men ki te retounen nan travay. Kòm rezilta, yo te pèdi kouvèti Medicare Pati A san prim yo a.
Resevwa èd pou jwenn yon plan sante doub kalifikasyon
Èske ou panse oumenm, yon manm fanmi oswa yon moun w ap okipe kalifye kòm moun ki gen doub kalifikasyon konplè oswa pasyèl? Ou ka itilize espas rechèch ki anba a pou wè ki plan ki disponib nan zòn ou an. Si w gen dout, ban nou yon koutfil epi pale avèk youn nan ajan otorize nou yo. Yo pral eksplike tout chwa yo epi ede w jwenn bon plan sante doub kalifikasyon an pou ou.
Rele 1-844-812-5967, TTY: 711
8 AM - 8 PM local time, 7 days a week. Se habla español.
*Kouvèti pou moun ki kalifye pou doub kalifikasyon pasyèl disponib sèlman nan sèten zòn.
Gade plan UnitedHealthcare yo nan zòn ou
Avantaj ki gen nan plan doub kalifikasyon oswa Medicaid kapab chanje selon kote w ap viv la. Sèvi ak kòd postal ou pou fè rechèch pou jwenn bon plan an pou reponn ak bezwen swen sante ou yo.