Ale nan kontni prensipal la
Kontni Prensipal

5 bagay kle pou konnen lè w ap chwazi yon plan sante doub?

Pibliye: janvye 17, 2020

Dat dènye mizajou: desanm 06, 2022

Ekspresyon sante ak asirans sante yo gen ase konfizyon deja. Men, lè ou gen ni Medicaid ni Medicare li ajoute tout on nouvo nivo. Nan UnitedHealthcare, pwomès pou ede fè bagay yo pi senp gide nou nan tout sa nou fè. Nan atik sa a, nou vle rann li pi fasil pou ou konprann sèten pwen kle sou plan sante doub yo. 

Jwenn yon gid gratis pou plan doub ou an

 Tout sa ou bezwen konnen sou plan Doub Bezwen Espesyal nan yon sèl gid pratik.

1. Kisa “doub” ak “doub kalifikasyon” vle di

Doub se jis yon lòt fason pou di “de” oswa “toude.” Nan ka plan sante doub yo, doub vle di plan sa yo se pou moun ki gen alafwa Medicaid ak Medicare “Doub kalifikasyon” se yon ekspresyon ki dekri moun ki kalifye yo, oswa ki kalifye pou resevwa avantaj alafwa Medicaid ak Medicare. Yo rele moun sa yo tou “doub-kalifye.”

2. Plan sante doub oswa plan doub pou bezwen espesyal? Kisa diferans la ye?

Anyen. Zewo. Nada. Pa gen diferans. Kit ou itilize ekspresyon plan doub, plan sante doub, plan doub pou bezwen espesyal oswa menm fason ki pi kout la DSNP, tout ekspresyon sa yo vle di menm bagay. Yo dekri kalite plan sante ki fèt espesyalman pou reponn a bezwen moun ki gen alafwa Medicaid ak Medicare.

3. Èske yon plan sante doub konbine Medicaid ak Medicare vin fè yon sèl?

Pwen sa a konfonn yon pakèt moun, men repons lan se non. Yon plan sante doub pa ranplase plan Medicaid ou. Ou pral konsève plan Medicaid ou, epi ou pral toujou jwenn tout menm avantaj Medicaid ou jwenn kounye a yo. Yon plan sante doub se yon kalite plan Medicare Advantage. L ap ranplase plan Medicare ou gen aktyèlman an. Anplis, li gen ladan l kouvèti asirans medikaman preskripsyon ak anpil lòt avantaj ak fonksyonalite ou pa jwenn nan Original Medicare.* Pou jwenn plis detay, gade nan atik "Èske Mwen Pèdi Avantaj Medicaid Mwen yo?".

4. Kilè ou ka enskri nan yon plan sante doub?

Gen règ ki kontwole lè ou ka enskri nan yon plan sante doub. Lè ou fenk vin kalifye pou Medicare, ou pral gen yon Peryòd Premye Enskripsyon (Initial Enrollment Period, IEP). IEP ou a se peryòd 7 mwa ki:

  • Kòmanse 3 mwa anvan mwa kote ou vin gen 65 lane an
  • Gen ladan l mwa a ou vin gen 65 lane an
  • Fini 3 mwa apre mwa a kote ou vin gen 65 lane an

Si ou gen yon evènman lavi ki kalifye, ou ka sèvi avèk yon Peryòd Enskripsyon Espesyal (Special Enrollment Period, SEP) pou ou enskri. Demenajman oswa pèt kouvèti asirans ou yo se sèlman 2 egzanp evènman lavi kalifye yo. Men, tan ou gen pou ou enskri a ka diferan selon rezon an pou SEP ou an.

Genyen tou Peryòd Enskripsyon Anyèl Medicare (Annual Enrollment Period, AEP). AEP a dewoule soti 15 oktòb jiska 7 desanm chak ane. Nenpòt moun ki kalifye ka enskri nan plan Medicare oswa chanje plan yo a pandan AEP. Sa gen ladan si ou vle chanje soti nan Original Medicare sèlman pou ou ale nan yon plan sante doub.

Yon fwa ou enkri, ou pa gen pou ou renouvle yon plan sante doub. Toutotan ou rete kalifye, plan sante doub ou an ap renouvle otomatikman chak ane. Men ou dwe resètifye pou Medicaid chak ane pou ou rete kalifye pou yon plan sante doub.

5. De kisa UnitedHealthcare Dual Complete® fè pati?

“Dual Complete” se non mak la pou plan sante doub UnitedHealthcare ofri yo. Plis moun chwazi UnitedHealthcare pou yon plan Doub pou Bezwen Espesyal pase nenpòt lòt konpayi.Mete plis pase 45 ane eksperyans UnitedHealthcare yo osèvis ou.

Ou pa jwenn sa w ap chèche a?

UnitedHealthcare gen yon lis gratis sou entènèt pou plizyè milye ekspresyon medikal ak siyifikasyon yo. Yo rele li Just Plain Clear epi se li ki pi gwo nan kalite glosè konsa yo. 

KONSÈY: Ajoute lyen an nan lis favori ou pou ou ka jwenn bibliyotèk la fasilman nenpòt lè ou bezwen li pi devan.

*Avantaj yo, karakteristik yo ak/oswa aparèy yo varye selon plan an/zòn lan. Limit, esklizyon ak/oswa restriksyon pou rezo ka aplike.
1Baze sou enskripsyon total nan plan D-SNP apati done enskripsyon CMS yo, Me 2023 

Gade plan UnitedHealthcare yo nan zòn ou

Avantaj ki gen nan plan doub kalifikasyon oswa Medicaid kapab chanje selon kote w ap viv la. Sèvi ak kòd postal ou pou fè rechèch pou jwenn bon plan an pou reponn ak bezwen swen sante ou yo.

Ou gen kesyon toujou

Nou la pou ede ou

Kontakte nou nan:
1-844-812-5967 / TTY: 711
8 AM jiska 8 PM lè lokal, 7 jou pa semèn.

Ou gen kesyon toujou

Nou la pou ede ou

Kontakte nou nan:
1-844-812-5967 / TTY: 711
8 AM jiska 8 PM lè lokal, 7 jou pa semèn.

Powered by Translations.com GlobalLink OneLink SoftwarePowered By OneLink