Ale nan kontni prensipal la
Kontni Prensipal

UHC Dual Complete FL-D003 (PPO D-SNP)

Medicare

Kisa yon plan doub pou bezwen espesyal ye?

H1889-002 -001

Prim mansyèl: $0.00 *

*Tarif ou ka ba tankou $0, selon nivo kalifikasyon w pou Extra Help.

Plan Òganizasyon Founisè Prefere (Preferred Provider Organization, PPO) sa a ba ou plis avantaj pase Original Medicare, epi tout sa pou yon prim plan $0. Ou pral konsève tout avantaj Medicaid ou yo, e menm ajoute plis.

  • UHC Dual Complete FL-D003 (PPO D-SNP) Enskri nan Plan (louvri yon fenèt modal)
  • Verifye Kalifikasyon (louvri yon fenèt modal)

1-844-812-5967 TTY: 711 8:00 AM jiska 8:00 PM lè lokal, 7 jou pa semèn

Avantaj & Karakteristik

Manje, OTC, ak Sèvis piblik

$220 kredi chak mwa pou peye pou manje an sante, pwodui OTC ak bòdwo sèvis piblik Aprann plis konsènan avantaj sa a

$3000 alokasyon pou sèvis dantè ki kouvri yo tankou netwayaj, plonbaj, kouwòn, kanal rasin, rache dan ak fo dan Aprann plis konsènan avantaj sa a

$0 kopeman sou preskripsyon jenerik ak mak komèsyal, sa gen ladan livrezon adomisil Optum® Aprann plis konsènan avantaj sa a

$0 kopeman pou 72 kous ale senp oswa pou ale retou nan randevou apwouve an rapò ak medikal ak nan famasi pou jwenn preskripsyon

$0 kopeman pou yon egzamen woutin nan zye ak $550 alokasyon pou monti oswa vè kontak Aprann plis konsènan avantaj sa a

Livrezon Repa

28 livrezon repa lakay pou 14 jou apre chak sejou pasyan entène nan lopital

Liy Dirèk pou Enfimyè

Pale avèk yon enfimye/enfimyè otorize nenpòt lè sou kesyon oswa enkyetid ou anrapò ak sante lajounen tankou lannwit san okenn frè

Sistèm Repons Ijans Pèsonèl (Personal Emergency Response System, PERS)

Aparèy dijans ou ka mete sou ou pou jwenn èd 24 èdtan pa jou

Plan PPO disponib

Libète pou wè nenpòt founisè ki aksepte Medicare epi san referans pa nesesè

Swen prevantif

$0 kopeman pou swen prevantif, sa gen ladan yon egzamen fizik chak ane, vaksen kont grip, depistaj ak plis toujou

Pwogram fòm fizik Renew Active®

Rete aktif avèk yon abònman nan djim gratis anpasan pa Renew Active®

Sèvis akiponkti woutin

12 vizit akiponkti woutin pou yon kopeman $0 chak vizit pou trete kèplen oswa doulè nan nè, nan misk oswa jwenti ou

Sèvis kiwopratik woutin

12 vizit kiwopratik woutin pou yon kopeman $0 chak vizit pou trete kèplen oswa doulè nan nè, nan misk oswa jwenti ou

Swen woutin nan pye

12 vizit woutin pou swen pye pou yon kopeman $0 nan chak vizit pou taye zong ak lòt tretman swen prevantif ki kouvri

Avantaj odisyon woutin yo

$0 kopeman pou egzamen oditif woutin ak $3600 alokasyon pou yon gwo seleksyon aparèy pou tande OTC ak mak komèsyal Aprann plis konsènan avantaj sa a

UnitedHealthcare® HouseCalls

Vizit nan kay chak ane avèk yon pwofesyonèl swen sante pou ede w kenbe kontwòl sou sante w nan entèval vizit regilye kay doktè

Rekonpans Manm UnitedHealthcare® yo

Antanke manm UnitedHealthcare, bbenefisye rekonpans poutèt ou fè yon vizit byennèt anyèl, ou pran vaksen kont grip, ak plis toujou

Vizit vityèl

$0 kopeman pou vizit vityèl pou w pale sou pwoblèm medikal ak sante mantal pandan ou lakay ou

UHC Dual Complete FL-D003 (PPO D-SNP)

Prim Mansyèl Plan pou Moun ki gen Èd Siplemantè (Extra Help) nan Medicare pou Ede Peye pou Pri Medikaman Preskripsyon yo

Si ou resevwa èd siplemantè nan Medicare pou ede peye frè yo pou plan medikaman preskripsyon Medicare ou, prim mansyèl plan ou an ap pi ba pase sa li ta ye si ou pa te resevwa èd siplemantè nan men Medicare. Montan èd siplemantè ou jwenn lan ap detèmine prim mansyèl total plan ou antanke manm nan plan nou an.

Tablo sa a endike ou konbyem prim mansyèl plan ou yo pral ye si ou resevwa èd siplemantè.

Nivo èd siplemantè ou Prim Mansyèl*
100% $0.00

*Sa pa gen ladan nenpòt prim Pati B Medicare ou ka gen pou peye.

Si ou pa resevwa èd siplemantè, pou wè si ou kalifye, ou ka rele nan:

Bezwen swen sante ou yo inik. Dokiman sa yo ka ede ou asire ou jwenn bon pwoteksyon asirans lan.

Dokiman yo gen ladan Avi Anyèl Chanjman, Prèv Pwoteksyon Asirans, Fòmilè yo, Nòm Klasman Plan Medicare, Anyè Founisè yo, Rezime Avantaj yo, Lòt resous ou ka telechaje yo.

Resous ou ka Telechaje yo (louvri yon fenèt modal)

Resous pou Manm

Gade Resous ki Disponib yo (louvri yon fenèt modal)
Powered by Translations.com GlobalLink OneLink SoftwarePowered By OneLink