Hmm … sanble navigatè ou an demode.
Annou mete navigatè ou an ajou pou ou kapab pwofite yon eksperyans sit lan ki gen plis rapidite ak sekirite.
UHC MedicareMax Medicare Advantage FL-D004 (HMO D-SNP)
Medicare
Kisa yon plan doub pou bezwen espesyal ye?
H5420-006 -000
Prim mansyèl: $0.00 *
*Tarif ou ka ba tankou $0, selon nivo kalifikasyon w pou Extra Help.
Plan Òganizasyon Antretyen Sante (Health Maintenance Organization, HMO) sa a ba ou plis avantaj pase Original Medicare, epi tout sa pou yon prim plan $0. Ou pral konsève tout avantaj Medicaid ou yo, e menm ajoute plis.
- UHC MedicareMax Medicare Advantage FL-D004 (HMO D-SNP)
1-844-812-5967 TTY: 711 8:00 AM jiska 8:00 PM lè lokal, 7 jou pa semèn
Jwenn founisè yo ak pwoteksyon asirans pou plan sa a.
Chèche doktè, lopital, ak espesyalis.
Chèche founisè, klinik ak sant tretman yo.
Chèche yon dantis ki toupre w.
Chèche yon famasi ki toupre w.
Chèche medikaman plan sa a kouvri.
Avantaj & Karakteristik
Livrezon Repa
28 livrezon repa lakay pou 14 jou apre chak sejou pasyan entène nan lopital
Liy Dirèk pou Enfimyè
Pale avèk yon enfimye/enfimyè otorize nenpòt lè sou kesyon oswa enkyetid ou anrapò ak sante lajounen tankou lannwit san okenn frè
Swen prevantif
$0 kopeman pou swen prevantif, sa gen ladan yon egzamen fizik chak ane, vaksen kont grip, depistaj ak plis toujou
Renew Active® ak Fitbit®
Abònman nan djim gratis anpasan pa Renew Active® ak Fitbit® gratis pou ede w atenn objektif sante ak bon fòm fizik ou
Swen woutin nan pye
6 vizit woutin pou swen pye pou yon kopeman $0 nan chak vizit pou taye zong ak lòt tretman swen prevantif ki kouvri
Avantaj odisyon woutin yo
$0 kopeman pou egzamen oditif woutin ak $2000 alokasyon pou yon gwo seleksyon aparèy pou tande OTC ak mak komèsyal Aprann plis konsènan avantaj sa a
Vizit vityèl
$0 kopeman pou vizit vityèl pou w pale sou pwoblèm medikal ak sante mantal pandan ou lakay ou
Èd Anplis Pou Frè yo: Tablo Rezime Prim LIS
UHC MedicareMax Medicare Advantage FL-D004 (HMO D-SNP)
Prim Mansyèl Plan pou Moun ki gen Èd Siplemantè (Extra Help) nan Medicare pou Ede Peye pou Pri Medikaman Preskripsyon yo
Si ou resevwa èd siplemantè nan Medicare pou ede peye frè yo pou plan medikaman preskripsyon Medicare ou, prim mansyèl plan ou an ap pi ba pase sa li ta ye si ou pa te resevwa èd siplemantè nan men Medicare. Montan èd siplemantè ou jwenn lan ap detèmine prim mansyèl total plan ou antanke manm nan plan nou an.
Tablo sa a endike ou konbyem prim mansyèl plan ou yo pral ye si ou resevwa èd siplemantè.
Nivo èd siplemantè ou | Prim Mansyèl* |
---|---|
100% | $0.00 |
*Sa pa gen ladan nenpòt prim Pati B Medicare ou ka gen pou peye.
Si ou pa resevwa èd siplemantè, pou wè si ou kalifye, ou ka rele nan:
- 1-800-Medicare oswa Itilizatè TTY yo rele 1-877-486-2048 (24 èdtan pa jou/7 jou sou sèt),
- Biwo Medicaid Eta ou, oswa
- Administrasyon Sekirite Sosyal la nan 1-800-772-1213. Itilizatè TTY yo dwe rele nan 1-800-325-0778 ant 7 a.m. ak 7 p.m., Lendi jiska Vandredi.
Bezwen swen sante ou yo inik. Dokiman sa yo ka ede ou asire ou jwenn bon pwoteksyon asirans lan.
Dokiman yo gen ladan Avi Anyèl Chanjman, Prèv Pwoteksyon Asirans, Fòmilè yo, Nòm Klasman Plan Medicare, Anyè Founisè yo, Rezime Avantaj yo, Lòt resous ou ka telechaje yo.
Aprann plis sou plan doub pou bezwen espesyal yo
Konnen Plis
UHC MedicareMax Medicare Advantage FL-D004 (HMO D-SNP)