Hmm … sanble navigatè ou an demode.
Annou mete navigatè ou an ajou pou ou kapab pwofite yon eksperyans sit lan ki gen plis rapidite ak sekirite.
Alèt Espesyal
Pou reponn a kriz sante piblik Epatit A tou dènyèman an, UnitedHealthcare Community & State of Florida ap kòmanse garanti vaksen kont Epatit A kòm yon avantaj siplemantè pou manm adilt nou yo. Pwoteksyon asirans lan ap gen ladan premye vaksen an, ansanm ak yon rapèl si sa nesesè. Si ou gen kesyon sou avantaj siplemantè a, oswa ou bezwen èd pou jwenn yon founisè, tanpri pa ezite rele depatman sèvis manm nou an nan 1-888-716-8787.
UnitedHealthcare Community Plan Medicaid (MMA)
Medicaid
Plan Florida Medicaid sa a ofri anpil kalite avantaj. Timoun, fanmi, fanm ansent ak adilt selibatè ka kalifye baze sou revni. Gade avantaj ki anba yo pou w wè tout sa li ofri.
Nou vle ou jwenn plis avantaj nan plan sante ou an. Si ou pa te fè yon evalyasyon risk sante, tanpri rele 1-888-716-8787 pou ou pale avèk yon reprezantan, lendi jiska vandredi ant 8 a.m.-5 p.m.
Plan sa a disponib nan konte swivan yo:
Alachua, Baker, Bradford, Citrus, Clay, Columbia, Dixie, Duval, Flagler, Gilchrist, Hamilton, Hardee, Hernando, Highlands, Hillsborough, Lafayette, Lake, Levy, Manatee, Marion, Miami-Dade, Monroe, Nassau, Polk, Putnam, St. Johns, Sumter, Suwannee, Union, ak Volusia.
Plan sa a disponib nan konte ki annapre la yo:
- Rejyon 3: Konte Alachua, Bradford, Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Lafayette, Lake, Levy, Marion, Putnam, Sumter, Suwannee, ak Union
- Rejyon 4: Konte Baker, Clay, Duval, Flagler, Nassau, St. Johns, AK Volusia
- Rejyon 6: Konte Hardee, Highlands, Hillsborough, Manatee, ak Polk yo
- Rejyon 11: Konte Miami-Dade ak Monroe yo
-
UnitedHealthcare Community Plan Medicaid (MMA)
Fason pou Anwole
Pou Aprann Plis Sou UnitedHealthcare Community Plan. Rele Nou.
24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn.
MMA: 1-844-446-2151
LTC: 1-844-445-7229
TTY: 711
Èske ou kalifye pou Florida Medicaid, men ou poko yon manm?
- Tèks ENROLL nan FLSMMC (357662). Ou pral bezwen nimewo ID Medicaid la chak manm ak nimewo PIN kont lan.
- Ale sou entènèt nan www.flmedicaidmanagedcare.com pou kreye yon kont sou Pòtay Manm lan oswa pou tchat ak Asistan Enskripsyon Vityèl nou an.
- Rele Sèvis asistans nan telefòn lan pou pale ak yon Konseye Choice gratis nan 1-877-711-3662, Lendi jiska Jedi, 8 a.m.–8 p.m., epi Vandredi, 8 a.m.–7 p.m.. Itilizatè TTY/TDD yo, tanpri rele 1-866-467-4970.
Ou bezwen aplike pou Medicaid?
Pou aplike pou Medicaid, ou ka pase atravè Depatman Timoun ak Fanmi Eta Florid an. Ou kapab ale sou sit entènèt SMMC an tou nan https://www.myflfamilies.com/medicaid
UnitedHealthcare Community Plan nan Florid se yon plan swen kontwole ki gen yon kontra ak Florida Medicaid. Enfòmasyon nou bay sou avantaj yo se yon ti rezime, men se pa yon deskripsyon konplè avantaj yo. Pou plis enfòmasyon kontakte Plan Swen Kontwole a. Limit, kopeman, ak restriksyon ka aplike. Avantaj yo, fòmilè a, rezo famasi, prim ak/oswa kopeman yo/ko-asirans gendwa chanje.
Jwenn founisè yo ak pwoteksyon asirans pou plan sa a.
Chèche doktè, lopital, ak espesyalis.
Chèche medikaman plan sa a kouvri.
Chèche yon famasi ki toupre w.
Avantaj & Karakteristik
Sipò pou Opresyon ak COPD
Èske oumenm oswa timoun ou gen pwoblèm pou jere sentòm COPD oswa opresyon? Yon enfimye(è) ki espesyalize nan pwoblèm respirasyon ka ede w reyèlman. W ap jwenn yon plan tretman adapte ak medikaman pou:
- Jere rechit yo.
- Diminye sentòm.
- Fè oumenm oswa timoun ou rete aktif.
Jesyon Swen
Yon pwoblèm sante grav nesesite swen ak sipò anplis. Nou itilize Health Home yo pou kowòdone sèvis pou manm nou yo.
Èske oumenm oswa timoun ou gen yon pwoblèm sante ki grav? Alòs manadjè ka nou yo nan kan w lan. Yo pral:
- Esplike tèm medikal yo nan yon langaj ki senp.
- Kowòdone randevou kay doktè.
- Bay ekip swen an dosye medikal yo.
Manadjè dosye w lan ap rete avèk oumenm oswa timoun ou an pandan tout peryòd medikal la. Li pral:
- Reflechi sou bagay ki piplis pase bezwen medikal imedya.
- Asire gen sipò nan kay la.
Chwazi Doktè
Ou gen yon doktè swen jeneral (PCP) ki doktè prensipal ou. Itilize zouti pou chèche Doktè a, pou wè si doktè ou nan rezo nou a.
Si ou pa gen yon doktè oswa si doktè w pa nan rezo nou an, nou ka ede w chèche yon nouvo doktè ki toupre w.
PCP w la se doktè prensipal ou pou:
- Swen prevantif.
- Tretman si w malad oswa blese.
- Rekòmandasyon kay espesyalis pou sèten pwoblèm medikal.
Chwa Sant Nesans
Kote ou fè tibebe w lan se yon chwa ki enpòtan. Se poutèt sa ou ka chwazi nan pami prèske 80 lopital toupatou nan Eta Florid.
Nou ankouraje tou pou w vizite sant nesans lopital la. Nan fason sa a, ou pral abitye avèk li. Ak pou w pi rilaks lè w ap akouche tibebe w la.
Sipò pou Dyabetik
Si w gen dyabèt, n ap rann lavi a yon jan pi fasil pou ou. W ap jwenn medikaman, founiti ak edikasyon pou ede w rive ak rete nan pi bon eta w.
Pwogram dyabèt nou an gen ladan tou fòmasyon pou pran swen pwòp tèt ou ak klas ki konsantre sou:
- Planifikasyon repa nitritif.
- Jesyon estrès.
- Viv yon mòd devi ki sen.
Ekipman ak Founiti
Sante ak sekirite lakay ou enpòtan.
Plan nou an garanti ekipman medikal doktè w oswa manadjè dosye w mande. Sa ka gen ladan founiti tankou:
- Kabann lopital.
- Tank oksijèn.
- Chèz woulant oswa wòkè.
Swen oditif
Pwoblèm pou tande ka afekte lavi toulejou ou nan anpil sans. Plan nou an gen ladan sèvis ak sipò pou ede pwoteje kapasite pou w tande (odisyon).
Nou kouvri:
- Egzamen, terapi ak tès.
- Aparèy pou ede tande chak twazan.
Pwogram Bon Konpòtman
Èske ou fimen? Si w fimen, èske w vle eseye epi kite fimen? Nou gen yon pwogram gratis ki disponib pou sispann fimen.
Èske ou vle travay pou w pèdi pwa oswa pou w adopte abitid manje ki pi bon pou sante? Kalite chanjman sa yo nan mòdvi ka ede w pou anpil maladi kwonik. Nou gen yon pwogram pou ba w èd pou sa.
Si ou te remake chanjman nan eta lespri w, abitid ou, oswa fason ou santi w, ou ka bezwen pale ak yon moun sou santiman sa yo.
Sèvis sante konpòtmantal yo disponib kòm yon pati nan avantaj ou yo. Nou ofri tou yon pwogram rekonpans si ou ta vle jwenn èd pou yon pwoblèm abi dwòg.
Tout pwogram sa yo disponib gratis pou ou. Si ou ta vle antre nan nenpòt nan pwogram sa yo, tanpri rele nou nan 1-844-446-2151. Nou la lendi jiska vandredi soti 8:00 a.m. pou rive 7:00 p.m. Si ou tande di, tanpri rele 711.
Healthy First Steps®
Bati yon lavni ki ansante pou ou ak tibebe ou an epi resevwa gwo rekonpans ak Healthy First Steps. Pwogram nou an pral ede ou pran bon mezi yo pou kenbe ou ak tibebe ou an ansante. Met sou sa ou ka resevwa $10 jis paske ou enskri.
N ap ede ou:
- Chwazi founisè swen pou gwosès ak yon pedyat (doktè timoun).
- Planifye vizit ak egzamen yo ak òganize transpò pou vizit ou yo.
- Resevwa rekonpans dèske ou ale nan vizit yo pandan tout gwosès ou ak 15 premye mwa lavi tibebe a.
- Jwenn materyèl, tankou ponp tete pou manman nouris yo.
- Konekte avèk resous kominotè yo tankou sèvis pou Fanm, Tibebe ak Timoun (Women, Infants and Children, WIC).
Livrezon Manje nan Kay
Okipe de bagay debaz yo, tankou kwit manje, ka difisil apre yon move eta sante oswa maladi. Se pou sa n ap pote manje nourisan pou ou pou ede w travèse nan moman difisil yo. Ou ka jwenn jiska 10 repa yo livre chak ane apre lopital egzeyate w.
Ospitalizasyon
Plan sa a peye pou tout depans ki gen rapò avèk yon sejou lopital, konsa ou ka repoze epi geri.
Plan nou an kouvri:
- Swen enfimyè.
- Chanm ak manje.
- Materyèl ak ekipman.
- Tretman ak terapi.
- Tès dyagnostik ak egzamen.
Apre ou fin kite lopital la, ou pa poukont ou. Nou asire ou jwenn swen swivi pou w kontinye geri lakay ou.
Entèprèt
Doktè ou ansanm avèk oumenm, youn dwe konprann lòt. Lè w pa pale Anglè byen sa fè l pi difisil. Nou ka fè aranjman pou yon entèprèt medikal la nan randevou ou yo.
Nou gen moun tou nan depatman sèvis pou manm yo ki pale pliske yon lang. Gen anpil chans ke nou gen youn moun ki pale menm lang avèk ou.
Laboratwa ak Radyografi
Lè w konnen kisa pwoblèm lan ye e lè w detekte l bonè, sa ka fè tout yon diferans. Plan nou an kouvri:
- Laboratwa ak tès.
- Radyografi, eskanografi, ak lòt tès imajri.
N ap ede w jwenn enfòmasyon ki nesesè pou amelyore sante w oswa pou w nan pi bon fòm ou.
Èd nan domèn lang
Ou ka resevwa enfòmasyon nan lang ou pi pito a. Mande tousenpleman. Nou gen moun tou nan depatman sèvis kliyan nou an ki pale pliske yon lang. Gen anpil chans ke nou gen youn moun ki pale menm lang avèk ou.
Medikaman
Plan nou an gen medikaman preskripsyon ladan ak renouvèlman medikaman.
Epi nou vle fè li fasil pou w jwenn medikaman w. Ou ka egzekite preskripsyon ou nan:
- Famasi lokal ki nan rezo a.
- Sèvis ki fè livrezon adomisil.
Sèvis pou Manm
Gen dèfwa ou ka bezwen èd pou konprann opsyon swen sante w yo. Lè w avèk nou, ou gen yon moun ou ka rele. N ap reponn kesyon w yo konplètman e avèk yon langaj ki senp.
Nou ka ede w tou pou jwenn:
- Medsen Swen Prensipal ak Espesyalis.
- Dantis ak founisè pou vizyon.
- Famasi lokal.
Sante mantal
Sante mantal toutosi enpòtan ke sante fizik. Se poutèt sa nou gen asirans ki kouvri toulède.
Swen obligatwa kouvri a 100% san kopeman. Sa gen ladann:
- Terapi konpòtmantal.
- Medikaman.
Kopeman
Ou p ap gen yon kopeman pou swen ak sèvis plan nou an garanti.
Liy Dirèk pou Enfimyè
Pafwa, kesyon ak sitiyasyon medikal prezante a dè moman ki pa apwopriye. Lè w gen kesyon konsènan sante w oswa ak sante timoun ou, ou ka rele yon enfimye(è) 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn.
Enfimyè nou yo ki nan Nurse Hotline la pral fè:
- Tande ki sentòm ou di l ki prezante.
- Gide pou pran swen tèt ou.
- Ba w konsèy sou kijan pou jwenn swen kay yon doktè oswa nan yon sant swen dijans.
- Ede w konnen kilè pou w ale nan sal dijans.
Vizit Enfimye(è)
Pafwa ou ka bezwen kontinye pran swen apre ou kite lopital, oswa swen ijan.
Si sante w an danje apre yon maladi grav, operasyon oswa chòk, yon enfimye(è) ap vizite ou lakay ou pou:
- Bay swen medikal pou oumenm oswa timoun ou an.
- Reponn kesyon w ak enkyetid ou.
Founiti yo vann san preskripsyon
Depans swen sante w ka gen ladan medikaman ak founiti ki pa bezwen preskripsyon tankou aspirin, medikaman pou tous oswa bandaj. Plan nou an ap garanti jiska $25 chak mwa pou medikaman oswa founiti medikal yo vann san preskripsyon ou achte ki nesesè pou rezon medikal.
Swen pandan gwosès
Yon gwosès se yon eksperyans ou ta dwe fè avèk èd zanmi, fanmi epi yon doktè pou gwosès, oswa Obstetrisyen-Jinekològ.
Nou garanti tout vizit nan klinik prenatal ak tès ou ki rekòmande yo.
Nan vizit sa yo, klinik la ap:
- Asire oumenm ak tibebe w la ansante.
- Eksplike kisa pou w atann nan chak etap gwosès ou.
- Reponn kesyon w yo.
Swen Rezidansyèl
Apre yon maladi grav, operasyon oswa chòk ou ka bezwen swen enfimye ak terapi anplis.
Si sa nesesè, plan nou an garanti sejou kout nan yon sant reyabilitasyon kote ou kapab geri. Sa ki genyen se:
- Sèvis mezon retrèt.
- Swen enfimye 24-èdtan.
- Èd avèk aktivite lavi toulejou.
- Terapi fizik, okipasyonèl, ak pou lapawòl.
Sispann itilize tabak
Ou konnen move efè fimen gen sou sante w.
Ou konnen fòk ou kite fimen. Nou ba w sipò pandan w ap kite avèk èd akonpayatè ak founiti. Sèl bagay ou p ap jwenn nan men nou, sèke nou pa pral fè moral ou.
Piki ak Vaksen
Piki woutin pou ede pwoteje ou kont maladi.
Kidonk, plan nou an kouvri:
- Vaksen kont nemoni, grip ak zona.
- Lòt piki ak vaksen ki rekòmande yo.
Telesante
Swen chak jou san ou pa peye anyen! Pale avèk yon doktè 24/7 nan telefòn oswa videyo — lajounen tankou lannwit kèlkeswa kote ou ye a.
Nou ka fè dyagnostik, trete, ak preskri medikaman si sa nesesè pou:
- Grip
- Lafyèv
- Tous
- Maltèt
- Vant fè mal
- Gratèl
- Alèji
- Enfeksyon respiratwa siperyè
- Ak plis toujou
Rele nan 1-888-716-8787 pou jwenn plis enfòmasyon.
Text4baby
Text4baby ka ede nouvo manman ak fiti manman yo kenbe tèt pa yo ak tibebe yo ansante.
W ap resevwa twa mesaj tèks chak semèn pandan tout gwosès ou ak pandan premye ane tibebe w la. Chak tèks gen ladan konsèy sou sante ak sekirite pou sijè tankou:
- Swen prenatal.
- Tranche ak akouchman.
- Alètman matènèl.
- Dòmi san danje.
- Nitrisyon.
- Sekirite chèz machin.
Pou oumenm ak tibebe ou an ka pran yon bon depa.
Sèvis Terapi
Terapi ka ede ou refè apre yon chòk oswa maladi grav, oswa tou senpleman reyalize tout sa ou kapa fè. Manm yo resevwa sa yo bezwen kòm:
- Terapi okipasyonèl.
- Terapi fizik.
- Terapi respiratwa.
- Terapi lapawòl
Sèvis Transpò
Plan nou an prevwa trajè aleretou san limit pou fè alevini nan anplasman swen sante yo. Sa gen ladan trajè pou:
- Vizit ka doktè oswa nan terapi.
- Depatman sante yo.
- Klinik pou vizyon.
- Sant swen ijan yo.
Swen pou vizyon
Ou pral jwenn swen, linèt ak tretman ki pèmèt ou wè lavi a pi aklè. Plan an kouvri:
- Egzamen regilye.
- Jiska de monti chak ane.
- Vè preskripsyon.
Se Vision Service Plan ki ofri avantaj sa a.
Vizit pou moun ansante
Vizit konsiltasyon kay doktè pou moun an sante ka ede kenbe ou an sante. Vizit konsiltasyon sa yo ka ede detekte pwoblèm sante bonè, pou yo sa trete yo. Sèvis prevantif gen ladan yo:
- Tchekòp pou granmoun ak timoun.
- Piki ak tès woutin.
- Mamogram.
Pa gen okenn kopeman pou swen prevantif yo.