Hmm … sanble navigatè ou an demode.
Annou mete navigatè ou an ajou pou ou kapab pwofite yon eksperyans sit lan ki gen plis rapidite ak sekirite.
2023 MedicareMax Plus (HMO D-SNP)
Medicare
Kisa yon plan doub pou bezwen espesyal ye?
H5420-006 -000
Prim mansyèl: $0.00 *
* Tarif ou ka ba tankou $0, toudepan nivo kalifikasyon w pou Medicaid.
Plan Òganizasyon Antretyen Sante (Health Maintenance Organization, HMO) sa a ba ou plis avantaj pase Original Medicare, epi tout sa pou yon prim plan $0. Ou pral konsève tout avantaj Medicaid ou yo, e menm ajoute plis.
- 2023 MedicareMax Plus (HMO D-SNP)
1-844-812-5967 TTY: 711 8:00 AM jiska 8:00 PM lè lokal, 7 jou pa semèn
Jwenn founisè yo ak pwoteksyon asirans pou plan sa a.
Chèche doktè, lopital, ak espesyalis.
Chèche founisè, klinik ak sant tretman yo.
Chèche yon dantis ki toupre w.
Chèche yon famasi ki toupre w.
Chèche medikaman plan sa a kouvri.
Avantaj & Karakteristik
Sèvis laboratwa
$0 kopeman pou tout sèvis laboratwa ki kouvri yo
Liy Dirèk pou Enfimyè
Pale avèk yon enfimye(è) otorize nenpòt lè sou kesyon oswa enkyetid ou anrapò ak sante lajounen tankou lannwit san okenn frè anplis
Swen prevantif
$0 kopeman pou swen prevantif, sa gen ladan egzamen fizik ak vaksen kont grip chak ane
Vizit Swen Jeneral
$0 kopeman pou vizit swen jeneral pou ede ou jwenn swen ou bezwen pou ou viv pi ansante
Renew Active® ak Fitbit®
Abònman nan djim gratis anpasan pa Renew Active® ak Fitbit® gratis pou ede atenn objektif sante ak fòm fizik
Swen woutin nan pye
Jiska 6 vizit swen pye chak ane avèk 0$ kopeman pou ede kenbe pye yo ansante avèk swen prevantif
Avantaj odisyon woutin yo
Egzamen odisyon woutin ak alokasyon $2000 pou aparèy pou tande mak komèsyal oswa mak Relate™ UnitedHealthcare Hearing. Aprann plis konsènan avantaj sa a
Avantaj vizyon woutin yo
$0 kopeman pou 1 egzamen woutin nan zye ak $300 alokasyon pou linèt pou ede pwoteje zye ou ak sante ou. Aprann plis konsènan avantaj sa a
Navigatè UnitedHealthcare®
Jwenn soutyen nan men Navigatè ou, ki se moun pou ou ale kote l pou ede w jwenn tout kantite avantaj ou ka jwenn nan plan ou an
Vizit medikal vityèl
$0 kopeman vizit founisè vityèl pou pale sou pwoblèm medikal, jwenn yon dyagnostik ak tretman pou pwoblèm ki pa ijans
Èd Anplis Pou Frè yo: Tablo Rezime Prim LIS
MedicareMax Plus (HMO D-SNP)
Prim Mansyèl Plan pou Moun ki gen Èd Siplemantè (Extra Help) nan Medicare pou Ede Peye pou Pri Medikaman Preskripsyon yo
Si ou resevwa èd siplemantè nan Medicare pou ede peye frè yo pou plan medikaman preskripsyon Medicare ou, prim mansyèl plan ou an ap pi ba pase sa li ta ye si ou pa te resevwa èd siplemantè nan men Medicare. Montan èd siplemantè ou jwenn lan ap detèmine prim mansyèl total plan ou antanke manm nan plan nou an.
Tablo sa a endike ou konbyem prim mansyèl plan ou yo pral ye si ou resevwa èd siplemantè.
Nivo èd siplemantè ou | Prim Mansyèl* |
---|---|
100% | $0.00 |
75% | $9.00 |
50% | $17.90 |
25% | $26.90 |
*Sa pa gen ladan nenpòt prim Pati B Medicare ou ka gen pou peye.
Si ou pa resevwa èd siplemantè, pou wè si ou kalifye, ou ka rele nan:
- 1-800-Medicare oswa Itilizatè TTY yo rele 1-877-486-2048 (24 èdtan pa jou/7 jou sou sèt),
- Biwo Medicaid Eta ou, oswa
- Administrasyon Sekirite Sosyal la nan 1-800-772-1213. Itilizatè TTY yo dwe rele nan 1-800-325-0778 ant 7 a.m. ak 7 p.m., Lendi jiska Vandredi.
Bezwen swen sante ou yo inik. Dokiman sa yo ka ede ou asire ou jwenn bon pwoteksyon asirans lan.
Dokiman yo gen ladan Avi Anyèl Chanjman, Prèv Pwoteksyon Asirans, Fòmilè yo, Nòm Klasman Plan Medicare, Anyè Founisè yo, Rezime Avantaj yo, Lòt resous ou ka telechaje yo.
Aprann plis sou plan doub pou bezwen espesyal yo
Konnen Plis
MedicareMax Plus (HMO D-SNP)